• slider jquery
1 3 2 3 4 3 3 3 3 3
carousel jquery by WOWSlider.com v8.8

Seremoni kloti mwa lang manman ap fèt, jedi 29 fevriye 2024 soti 10è pou rive midi, nan Le plaza sou Channmas.

Pri woman Émile Célestin Mégie


Avi Rekritman

Memwa lisans kifèt nan lang kreyòl Ayisyen

Bon vwayaj Liliane PIERRE-PAUL

Anons lanmò Akademisyèn Marie-Jeanne Léo LOUIS-CHARLES

De (2) nouvo etidyan soutni memwa lisans yo nan lang kreyòl ayisyen

Lang Kreyòl nan tan lakoloni ak nan Konstitisyon nou yo

Diskou enstalasyon Nouvo Prezidan AKA, Rogéda Dorcé Dorcil!

Lang manman nou, se idantite nou !

Lang manman nou, se idantite nou !se tèm Jounen entènasyonal lang manman, 21 fevriye 2023.

Akademi Kreyòl Ayisyen di ou mèsi Akademisyèn Odette Roy FOMBRUN !

Reyalizasyon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) Desanm 2014 - Desanm 2022

Diskou Prezidan AKA a, Akademisyen Rogéda Dorcé DORCIL nan lansman 4èm edisyon FEL

AKA nan Webinè UNESCO

Mesaj AKA nan Jounen entènasyonal lang ak kilti Kreyòl 2022

AKA salye depa Michaël BENJAMIN (MIKABEN)

Lang kreyòl ayisyen nan lasyans : wi, nou ap vanse !

Mesaj KAd AKA pou mwa lang ak kilti kreyòl oktob 2022

Akademi Kreyòl Ayisyen bat bravo pou Malachy Bastien

AVI REKRITMAN ETIDYAN FINISAN

AKA salye memwa Pwofesè Yves Dejean (Iv Dejan)

Nòt pou laprès

Akademisyen Rogéda Dorcé DORCIL, nouvo Prezidan AKA








PREZANTASYON AKA

Orijin

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

Twa (3) jou kòlòk la te dewoule sou tèm “Akademi Kreyòl Ayisyen: ki pwoblèm ? ki avantaj ? ki defi ? ki avni ?” Kòlòk sa a te rive mete tout moun dakò sou wòl, òganizasyon ak fonksyònman Akademi an ta dwe genyen. 10 desanm 2012, Sena Repiblik la vote lwa kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an. 23 avril 2013 Chanm Depite a vote l tou. Nan dat 7 avril 2014, lwa kreyasyon Akademi an pibliye nan jounal ofisyèl Repiblik Ayiti, Le Moniteur, nimewo 65.

Apre piblikasyon ofisyèl la, komite a pa te pran tan pou li mete kanpe yon lòt estrikti pou seleksyone premye manm Akademi Kreyòl Ayisyen an sou pwopozisyon yon latriye enstitisyon ki te toujou ap travay pou yo bay lang natifnatal la jarèt. Se konsa, nan dat 4 desanm 2014, nan yon seremoni ofisyèl ki rasanble yon latriye pèsonalite politik, literè, entèlèktyèl ak diplomatik, komite pou tabli Akademi an enstale 33 premye manm Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Misyon


Akademi Kreyòl Ayisyen se pi gwo otorite nan sa ki gen pou wè ak lang kreyòl ayisyen an, an Ayiti kou aletranje. Pami misyon lwa kreyasyon li ba li, nou kapab site:

  • Travay pou enstitisyon Leta yo aplike Konstitisyon an nan piblikasyon tout dokiman ofisyèl yo nan lang kreyòl;

  • Ankouraje travay sou devlopman zouti tankou gramè, diksyonè, leksik nan tout domèn;

  • Fè envantè epi ankouraje tout moun k ap travay sou lang kreyòl ak espesyalis nan tout domèn k ap pwodui nan lang kreyòl.

  • Konsèy Administrasyon Akademi Kreyòl Ayisyen (desanm 2014- desanm 2024)