Prezantasyon Akademi Kreyòl Ayisyen

Direksyon Kominikasyon AKA 28-11-2015

Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) se yon enstitisyon leta ki gen konpetans pou li travay sou lang kreyòl la jan Konstitisyon 1987 amande a egzije l. Li la pou garanti dwa lengwistik tout Ayisyen sou tout sa ki konsène lang kreyòl la. Li endepandan e li kouvri tout peyi a. Li gen karaktè administratif, kiltirèl ak syantifik. Akademi an ka genyen 33 akademisyen pou pi piti epi 55 pou pi plis.

Kreyasyon

Atik 213 Konstitisyon 1987 la mande pou Leta kreye yon akademi ayisyen pou kore devlòpman lang kreyòl la. 25 lane apre desizyon sa a, anyen pa t janm fèt. Konsa, nan lane 2008, Inivèsite Leta peyi a te pran tèt yon mouvman pou mete yon komite kanpe: Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen. Komite sa a t ap travay sou direksyon Vis Rektora Inivèsite a ak reprezantan plizyè enstitisyon nan peyi a. Li te fòme ak pwofesyonèl nan tout domèn sitou nan edikasyon, lengwistik, sosyoloji ak antwopoloji depi nan mwa oktòb 2008. Nan lane 2011, komite a te òganize twa (3) jou kòlòk entènasyonal sou tèm ‹‹Akademi Kreyòl Ayisyen: ki pwoblèm? ki avantaj? ki defi? ki avni? ››. Kòlòk sa a te rive mete tout moun dakò sou wòl, òganizasyon ak fonksyònman Akademi an ta dwe genyen. Palman an vin vote Lwa sou kreyasyon Akademi Kreyòl la (Lwa 23 avril 2013) epi li pibliye nan jounal ofisyèl peyi a ‹‹Le Moniteur›› no 65, jou 7 avril 2014 la. Se sa ki fè, jou ki te jedi 4 desanm 2014 la, komite ki te la pou tabli Akademi an fè enstalasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an nan otèl “Ritz Kinam II” ki nan ri “Panaméricaine”, Petyonvil. Vis Rektè Inivèsite Leta a, Mesye Fritz Deshommes, nan entèvansyon li, fè konnen Akademi an se yon enstitisyon ki pral ede popilasyon an egzèse kòmsadwa tout dwa lengwistik li tout kote, nan tout domèn, nan peyi d Ayiti e se yon gwo pa sou wout libète a pou chak moun ki pale kreyòl: ‹‹An nou rejwi pou gwo pa sa a, pèp ayisyen ak tout pèp sou latè ki pale kreyòl, rive fè sou wout pou libere lang yo, pou libere nanm yo››.

Mesye Pierre Michel Chéry, te pran lapawòl nan non akademisyen yo pou li di nou lang nou makònen ak istwa nou kòm pèp e lang nou se idantite nou : ‹‹ Lang kreyòl la se youn nan mak fabrik, mak idantite nou. Se sèl lang ki pèmèt nou tout Ayisyen, fi kou gason, youn konprann lòt, lè pou n kominike. Nou pa ka separe istwa nou ak lang nou, menm jan an tou, nou pa kapab separe lang nou ak jan nou viv kòm pèp. Lang yon pèp se zouti liberasyon li, zouti devlòpman l ak zouti evolisyon l. Se zouti ekspresyon konsyans li››. Li te kontinye pou li esplike misyon Akademi an genyen pandan li t ap fè nou konnen tou Akademi an pa gen okenn pwoblèm ak lang franse: ‹‹Li klè, Akademi an kòm enstitisyon, ak tout manm yo, pa gen kont ak lang franse. Akademi an ap genyen pou li travay pou amenajman lengwistik la rive fèt anndan peyi a, dekwa pou tout lang yo evolye nan otonomi yo ak rapò sere yo ka genyen. Travay Akademi an konsène tout sektè nan lavi nasyonal la: soti depi nan Kasèk pase nan Konsèy minisipal rive nan tèt pouvwa santral la ak tout enstitisyon k ap akonpaye popilasyon an. Se konsa Akademi Kreyòl Ayisyen an, toutbon vre, ap tounen yon sous nasyonal pou lang kreyòl la nan peyi a ak pou Ayisyen lòt bò dlo ››.

Akademi kreyòl ayisyen an (AKA) se rezilta anpil angajman ak anpil chita pale ki fèt sou pwoblèm lang nan peyi a. Li se kalfou kote sitwayen ayisyen poze divès kesyon sou lang kreyòl la epi tou sou rapò Leta ayisyen ak popilasyon ayisyen an ki pale kreyòl. Nan sans sa a, kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) se yon aksyon ki makònen ak jefò Leta ayisyen pou rezoud yon seri pwoblèm.