DISKOU ENSTALASYON NOUVO AKADEMISYEN YO

Direksyon Kominikasyon 28-02-2018

21 fevriye 2018

Rachelle Charlier Doucet, pòtpawòl nouvo akademisyen yo

Nan non tout kòlèg nouvo akademisyen yo, m ap di nou tout « mèsi ».

Mèsi nou menm, manm asistans lan, Minis Kilti a, tout lòt ofisyèl, tout reprezantan divès enstitisyon nan sosyete a, reprezantan UNESCO a, manm laprès, paran, zanmi, kòlèg, tout envite yo, poutèt nou pran tan, maten an, pou nou vin akompaye 5 nouvo manm akademisyen yo ak 12 nouvo manm Konsèy Konsiltatif yo.

Epi tou, m ap di Konsèy Akademisyen an mèsi poutèt li te vote pou li chwazi nou kòm nouvo manm nan AKA, jan atik 23-1 Lwa Kreyasyon Adademi Kreyòl la mande li. Nou ap di Konsèy Administrasyon an ak Sekretarya egzekitif la mèsi tou, pou bèl seremoni sa a yo òganize maten an. Dènye mèsi a, se pou kòlèg nouvo akademisyen yo ki te chwazi m pou mwen pran lapawòl jodi a nan non nou tout. Mèsi pou konfyans nou.

Avan mwen kòmanse, mwen ta renmen di yon ti pawòl espesyal pou 6èm manm ki pa la avèk nou jodi a: Rachel Beauvoir Dominique. Reprezantan AKA yo deja rann li omaj. Men, nou menm, 5 nouvo akademisyen yo, nou vle ajoute temwayaj pa nou pou kòlèg nou an, m vle bay tokay mwen tout onèrespè. Rachel pati kite nou twò vit. Li t ap tèlman itil nan AKA! Mwen mande nou pou nou bat yon bèl bravo pou nou salye lavi Rachel ak tout eritaj li kite pou fanmi li, zanmi li, pou sektè vodou a e pou tout peyi a.

Angiz sèman kòm akademisyen, n ap di devan nou tout, n ap di devan peyi a, nou aksepte 5 misyon Lwa ki kreye AKA a ba li:
1) Travay sou lang kreyòl la (Atik 4, Lwa Kreyasyon Akademi an);
2) Garanti dwa lengwistik tout Ayisyen sou tout sa ki konsène lang kreyòl la (Atik 4, Lwa Kreyasyon Akademi an);
3) Sèvi referans pou lang kreyòl la nan peyi a (Atik 5, Lwa Kreyasyon Akademi an);
4) Pran yon seri dispozisyon pou li fè pwomosyon ak defann lang kreyòl la (Atik 6 Lwa Kreyasyon Akademi an);
5) Defini tout travay Akademi a gen pou li fè (atik 11 Lwa Kreyasyon Akademi an).

Nou pran angajman pou nou travay pou lang kreyòl la resi jwenn plas li dwe genyen nan mitan sosyete a. Plas sa a makònen ak respè dwa lengwistik popilasyon peyi Ayiti. Se youn nan misyon pi enpòtan Lwa ki kreye AKA a ba li. E nou menm, nouvo akademisyen yo, nou kwè nan misyon sa a, paske nou kwè peyi a pa ka soti nan sistèm lenjistis, inegalite, fòskote, ki karakterize li a, si li pa respekte dwa tout sitwayen ayisyen. E nan mitan tout dwa sa yo, dwa lengwistik yo dwe resevwa anpil atansyon.

Jodi a, se Jounen entènasyonal Lang Maman. Depi 1999, chak 21 fevrye, UNESCO ak moun ki ap travay nan domèn ledikasyon, lasyans ak lakilti, pwofite jounen sa a pou yo reflechi sou wòl lang manman dwe jwe nan devlopman yon sosyete. Tèm AKA chwazi ane sa a pou li selebre jounen an se: « Lang manman nan edikasyon: wi! Aprann se konprann!” Mwen anvi ajoute: “Aprann san konprann, se pa aprann” .

Depi nan lane 1950 yo, espè UNESCO yo ak lòt espesyalis (lengwis, sikològ, edikatè) te deja di se nan lang manman yo ti moun yo dwe aprann. Se ak yon lang yo konprann timoun yo ka devlope entèlijans yo, yo ka devlope tout kreyativite yo. Se lè yo konprann yo ka aprann tout bon vre. Se lè pwofesè yo anseye nan yon lang yo konnen yo ka fè travay yo pi byen. Ansèyman nan lang manman, ansèyman an kreyòl, se sa rezilta anpil rechèch rekòmande, se lojik; men, sanble tout sosyete ayisyen an poko wè enpotans lojik sa a.

Genyen anpil baryè pou kreyòl la ka jwe wòl li nan lekòl ak nan sosyete nou an. Anpil nan baryè sa yo chita nan listwa ak estrikti sosyal peyi a epi nan tout yon seri prejije, ki difisil pou voye jete. Genyen anpil kòz pou sa, nou pa p chita sou yo jodi a.

Sèl sa n ap di, sèl sa nou swete, e nap travay pou sa rive: Li lè pou Ayisyen sispann wont pale lang manman yo, sitou nan yon seri sitiyasyon kote sosyete a fè kòm si tout moun ta dwe pale franse. Tout moun sipoze pale franse. Kijan pou tout moun pale franse, si tout moun pa te aprann pale franse ni lakay ni nan lekòl? Fòk nou rekonèt 2 verite sa yo : tout moun pa pale franse men tout Ayisyen pale kreyòl. Sa se 2 verite nou pa ka kontinye bouche je nou devan yo. Konstitisyon 1987 a di : genyen 2 lang egalego nan peyi a : franse ak kreyòl.

Kidonk, fòk Leta ayisyen obeyi Konstitisyon 1987 la ki mande pou Leta mete yon politik lengwistik kanpe pou sèvi enterè tout sitwayen aysisyen tout bon vre e ki bay kreyòl la plas li toutbon vre. Sa vle di, li lè pou Leta ayisyen pran dispozisyon pou tout sitwayen resevwa sèvis nan lang yo pale a. kidonk, sèvis an kreyòl, kit se nan lajistis, nan tribinal, kit se nan biwo leta, kit se nan legliz, nan tanp, kit se nan klinik ak kay doktè, kit se nan lekòl, nan inivèsite, kit se labank, kit se anndan fanmi yo, kit se toupatou.

Jan nou konprann wòl nou nan Akademi an, se ankouraje tout Ayisyen pale kreyòl tout kote, pale li byen, ekri li byen. Men nan lamen ak lòt akademisyen yo, nou pral travay nan divès komisyon ki egziste nan Akademi an (komisyon tematik, komisyon teknik ak syantifik, komisyon kominikasyon ak anpil lòt). Nou pral travay ak patnè AKA yo pou nou konprann pi byen règ entèn lang lan, epi tou, pou nou pataje konesans sa yo ak piblik la.

Maten an, AKA bay 2 gwo ekriven plak onè ak merit: Georges Castera ak Emile Celestin Mégie. Se okazyon pou nou sonje te genyen anpil lòt moun, ekriven, atis, edikatè, relijye, jounalis, espike radio, lengwis, inivèsitè ak anpil lòt) ki te mennen batay pou kreyòl la depi byen byen lontan anvan kreyasyon AKA. Akademi Kreyòl pa la pou li ranplase moun sa yo ni enstitisyon sa yo ki ap travay sou teren an depi lontan, li la pou li kore yo. Li la pou travay ak tout moun ki genyen esperyans, konesans ak volonte nan peyi a, pou yo ede kreyòl la vin pi djanm.

Konsa, piti piti, tout sosyete ayisyen an ava konprann, kreyòl se pa pwoblèm, kreyòl se richès.

Mèsi anpil.