Akademi Kreyòl Ayisyen. Imel: enfomasyon@akademikreyol.net | Tel: (+509) 3333-0815 / 3333-0816 / 4363-5555 / 4363 6666 / 242-457-2840 / 413-695-4546


AVI REKRITMAN
Akademi Kreyòl Ayisyen ap rekrite yon Pwofesyonèl nan sèvis enfòmatik la nan domèn sinematografi, ak miltimedya.
Yon Videyograf / Montè Pwofesyonèl
Yon Pwofesyonèl nan Teknoloji enfòmatik ak miltimedya ki gen konpetans nan fè (choute) epi monte videyo pwofesyonèl.
Videyograf / Montè Pwofesyonèl la dwe :
v Gen yon lisans oubyen yon diplòm nan enfòmatik ki espesyalize li nan fè (choute) epi monte videyo pwofesyonèl
v Gen pi piti (3) lane esperyans nan fè (choute) ak monte videyo pwofesyonèl
v Demontre enterè li genyen pou lang kreyòl ;
v Disponib pou patisipe nan misyon an pwovens ak nan lòt peyi .
Kandida a dwe metrize kamera pwofesyonèl yo ak lojisyèl sa yo:
v Adobe Premiere Pro
v Final Cut Pro
v DaVinci Resolve Studio
v Adobe PS
v Adobe After Effects
v Adobe Audition
v OBS / VMIX
v Adobe Media Encoder
Kalite kandida yo dwe genyen:
Anplis kalifikasyon ak esperyans, kandida a dwe:
- Gen bon konpetans nan lang kreyòl;
- Gen bon konpetans nan anrejistreman ak pwodiksyon videyo;
- Gen yon fòmasyon nan odyovizyèl, sinematografi, kominikasyon, miltimedya;
- Gen yon pòtfolyo ak plan travay li fè deja;
- Montre dispozisyon pou li respekte prensip ak etik pwofesyonèl ;
- Montre kapasite pou li kominike epi devlope bon relasyon ak moun ;
- Gen sans responsablite;
- Respekte delè travay Akademi an.
Pou plis enfòmasyon, rele nan: 3333-0815 / 3333-0816 / 4363-6666.
Dosye kandida a dwe genyen:
CV, kopi lisans oubyen diplòm, sètifika, atestasyon, lèt motivasyon, foto, pyès idantite ak yon referans pwofesyonèl.
Dat limit pou kandida yo voye oubyen depoze dosye yo se 3 desanm 2026 avan minwi.
Depoze dosye a nan biwo AKA: #20, Avni Lamartinière, Bwavèna oubyen nan imel sa yo:
egzekitif.aka@akademikreyol.net / enfomasyon@akademikreyol.net
Akademi Kreyòl Ayisyen
Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.
Imaj
PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE


