Akademisyen yo

Akademisyen Jean Rony BEAUCICAULT

Prezantasyon

Akademisyen Jean Rony BEAUCICAULT fèt jou ki te 18 Septanm 1976 nan vil Pòtoprens, depatman Lwѐs peyi Ayiti. Jean Rony BEAUCICAULT genyen yon lisans nan dwa nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (UEH)) epi li gen yon metriz nan jounalis nan Inivèsite Quisqueya /Centre de Formation et de Perfectionnement des Journalistes de Paris (CFPJ). Li te Direktè kominikasyon Akademi Kreyòl Ayisyen pandan uit (8) lane (2016-2024). Li se Pwofesè kominikasyon politik nan IERAH/ISERSS. Li se Avoka nan Bawo Pòtoprens, Manm Toastmaters International, Manm Heritage Nou.

Piblikasyon

• Liv: Kὸadepale;

• Atik: « La maîtrise de l’anglais, défi pour les nouveaux arrivants francophones »;

• Atik: « Etats-Unis / Peine De Mort: Après Troy Davis, Ceux Qui Attendent Dans Le Couloir De La Mort »;

• Atik: « Le projet d’une nouvelle armée en question en Haïti ».

Angajman

Nan kad travay li fѐ pou defann oswa fѐ pwomosyon pou lang kreyὸl la, nou jwenn domѐn tankou:

• Edikasyon

• Piblikasyon

• Kominikasyon

• Lajistis

Se Institut Culturel Karl Levêque (ICKL) ki te rekὸmande Jean Rony BEAUCICAULT kòm Akademisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816. 17 / 4363-5555 / 4363 6666