Akademi Kreyòl Ayisyen | Imel: enfomasyon@akademikreyol.net | Tel: (+509) 3333-0815 / 3333-0816 / 4363-5555 / 4363 6666

Konseye yo





Konseye Konsiltatif Makendy CEVRIN
Prezantasyon
Makendy CEVRIN fèt an Ayiti. Li se kreyolis, lengwis. Li gen yon lisans nan Lengwistik teyorik ak deskriptif (ltd) nan Fakilte Lengwistik Aplike. Tit memwa lisans li: “Gramatikalizasyon: wòl prefiksoyid prepozisyon “an” ak prepozisyon “a” jwe nan kreyòl Ayisyen”. Li se pwofesè kreyòl nan klas fondamantal ak segondè. Li patisipe nan elaborasyon plizyè dokiman pou materyèl kreyòl epi li tradui dokiman franse an kreyòl ayisyen.
Sektè aktivite
- Ansèyman
- Rechèch
- Pedagoji
- Sosyolengwistik Ayiti
Se Fakilte Lengwistik Aplike ki te pwopoze kandidati Konseye Konsiltatif Makendy CEVRIN.
Akademi Kreyòl Ayisyen
Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.
Imaj
PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE


