Konseye yo

Konseye Konsiltatif Jean Wilner DENIS

Prezantasyon

Jean Wilner DENIS alyas Jan Mapou fèt jou ki te 12 oktòb nan lane 1941 nan vil Okay, depatman Sid Peyi Ayiti. Jan Mapou etidye nan fakilte Etnoloji Inivèsite Leta Ayiti nan lane 1965. Li se fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen.

Piblikasyon

· Bijou kase (1974) ;

· Pwezigram (1981) ;

· DPM Kanntè-Teyat (liv ak videyo) 1994;

· Tatalolo-Teyat ; Anba Mapou-a (Istwa Kout) 1998.

Angajman

Nan kad travay li fѐ pou defann oswa fѐ pwomosyon pou lang kreyὸl la, nou jwenn domѐn tankou:

Antwopoloji

Kilti

Sosyoloji

Se Sosyte Koukouy ki te rekὸmande Jean Wilner DENIS kòm Konseye Konsiltatif.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816. 17 / 4363-5555 / 4363 6666