Akademisyen yo

Akademisyen Saül DULCIO

Prezantasyon

Saül DULCIO fèt Gran Basen 14 avril 1956. Li gen yon mastè diplòm siperyè (Fakilte Teyoloji Evanjelik ak Misyoloji). Mastè Memoran nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA). Sètifika nan Syans jiridik, espesyalman nan dwa moun. Li se pwofesè lang kreyòl. Li fè memwa lisans li nan Lengwistik sou pwonon pèsonèl nan lang kreyòl la. Li se ekriven. Li ap fè memwa mastè li sou “Makè aspektyèl an kreyòl.” Nan mwa oktòb 2024, li te prezante yon etid sou mòfèm “konn” nan yon kòlòk inivèsite Paris 8 te òganize. Nan ane 2002, li ekri yon ti liv powèm ki gen plizyè powèm an kreyòl ladan li. Pami yo, nou jwenn: Si ou pa te djòlalèlè, Anwo lakay.

Sektè aktivite

  • Ansèyman

  • Rechèch

  • Konferansye

Piblikasyon

Confidence pure et simple: pwezi, 2002

Se Asosyasyon Pwofesè Kreyòl Ayisyen (APKA) ki te pwopoze kandidati Akademisyen Saül DULCIO.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816. 17 / 4363-5555 / 4363 6666