Akademi Kreyòl Ayisyen | Imel: enfomasyon@akademikreyol.net | Tel: (+509) 3333-0815 / 3333-0816 / 4363-5555 / 4363 6666

Konseye yo





Konseye Konsiltatif Henri-Robert DURANDISSE
Prezantasyon
Henri-Robert DURANDISSE fèt nan vil Pòtoprens 5 fevriye 1966. Li se ekriven, animatè, konferansye, dizè, konsiltan sou relasyon lekòl-fanmi-kominote. Henri-Robert DURANDISSE gen yon diplòm dezyèm sik nan Devlòpman ekonomik kominote. Li gen yon setifika dezyèm sik nan Lidèchip ak Abitid dirijan (Concordia University). Henri-Robert se Direktè jeneral CHAIS Ressources-Famille, yon òganizasyon kominotè ki ap bay sèvis depi plis pase 42 lane nan edikasyon, sipò fanmi ak devlòpman kominote nan Monreyal.
Sektè aktivite
- Edikasyon
- Kilti
- Kominikasyon
- Sosyoloji
- Lòt: Literati, pwezi, refleksyon sou Kreyoloji ak Kreyolozofi
Piblikasyon
- Kreyolizay: Yonn nan pilye panse ayisyen, 2024
- Mo nèf nan lang kreyòl la: kreyativite ou richès lang ak kilti ayisyen an, 2024
- Langay lanmou, rekèy powèm
Se branch Sosyete Koukouy Kanada ki te pwopoze kandidati Konseye Konsiltatif Henri-Robert DURANDISSE
Akademi Kreyòl Ayisyen
Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.
Imaj
PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE


