Akademi Kreyòl Ayisyen | Imel: enfomasyon@akademikreyol.net | Tel: (+509) 3333-0815 / 3333-0816 / 4363-5555 / 4363 6666

Akademisyen yo





Akademisyen Johnny Alex LAFOREST
Prezantasyon
Johnny Alex LAFOREST fèt 9 jiye 1982. Li gen yon doktora nan Sosyolengwistik, franse ak akizisyon dezyèm lang. Li fè yon metriz nan Lengwistik aplike ak akizisyon dezyèm lang. Li se pwofesè kreyòl epi responsab kou nan Inivèsite Princeton, Etazini. Li pibliye liv ak atik an kreyòl.
Sektè aktivite
Edikasyon
Rechèch
Ansèyman
Piblikasyon
Haitian Creole Maintenance by Haitian Immigrants in the Greater Chicago Area. EducaVision, 2022
Atik
Retansyon e retransmisyon kreyol ayisyen nan kominote ayisyen Chicago a, In Rationalités et Imaginaires Créoles. Pratiques, expression et usage. Renaud GOVAIN. Revue Kreolistika, Crillash, numero 2, 2022, pp. 97-107
Plas kreyòl ayisyen nan kouvèti lengwistik Pòtoprens: Wout Frè, Akademi Kreyòl Ayisyen, 11 mas 2022
Konvèsasyon lang ak kilti kreyòl nan dyaspora ayisyen an, Asosyasyon Etid Ayisyen. 21-23 oktòb 2021
Bay Ayiti yon koulè kreyòl. Asosyasyon Etid Ayisyen: Paradoxe, contradictions, intersections in the making of people, Xavier University and Tulane University. 14 novanm 2017
Se EducaVision ki te pwopoze kandidati Akademisyen Johnny Alex LAFOREST
Akademi Kreyòl Ayisyen
Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.
Imaj
PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE


