Akademisyen yo

Akademisyen Martineau NELSON

Prezantasyon

Martineau NELSON fèt jou ki te 15 Mas 1971 nan vil Jakmèl, komin Mabyal, depatman Sidѐs peyi Ayiti. Avèk yon eksperyans solid kòm Pwofesè Syans Langaj nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA/UEH), Nelson Martineau devlope yon ekspètiz byen pwofonde nan:

  • Semyotik ak Semyoloji (sosyosemyotik): pèspektiv pragmatik nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), nivo Lisans;

  • Sosyolengwistik ak Sosyodidaktik nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS), nivo Mastè;

  • Sosyolengwistik, metodoloji ak redaksyon memwa nan Inivèsite Piblik Nò (IPN) Kap Ayisyen, nivo Mastè.

Piblikasyon

  • Piblikasyon liv nan domèn didaktik kreyòl;

  • Elaboratè liv didaktik filozofi pou nivo S4.

Angajman

Nan kad travay li fѐ pou defann oswa fѐ pwomosyon pou lang kreyὸl la nou jwenn domѐn tankou :

Edikasyon

Piblikasyon

Lengwistik

Sosyoloji

Rechèch

Se Sosyete Koukouy ki te rekὸmande Martineau NELSON kòm Akademisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816. 17 / 4363-5555 / 4363 6666