Akademisyen yo

Akademisyen Maude HEURTELOU

Prezantasyon

Maude HEURTELOU fèt jou ki te 1e janvye 1953 nan vil Pòtoprens, depatman Lwѐs peyi Ayiti. Maude HEURTELOU gen yon lisans nan Nitrisyon ak Sante Piblik nan Inivèsite San Carlos, Guatemala an 1978, epi yon metriz nan Nitrisyon ak Edikasyon Popilè nan Inivèsite Laval, Québec, Canada an 1981. Li devlope materyèl nan domèn sante piblik an Kreyòl, pou fòmasyon popilè osinon pwofesyonèl. Pami yo, gen materyèl pou doktè, enfimyè, pwofesè, paran ak timoun lekòl. Li anime atelye lekti an Kreyòl pou anseyan Ayiti ak Etazini. Li te resevwa pri kòm anplwaye Eta Florid ki pase plis pase 25 lane ap fè edikasyon popilè an kat lang.

Piblikasyon

Maude HEURTELOU pibliye plis pase sis san (600) liv pou timoun ;

Senk (5) woman pou granmoun an Kreyòl.

Angajman

Nan kad travay li fѐ pou defann oswa fѐ pwomosyon pou lang kreyὸl la nou jwenn domѐn tankou:

Rechѐch

Edikasyon

Piblikasyon

Se EducaVision ki te rekὸmande Maude HEURTELOU kòm Akademisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816. 17 / 4363-5555 / 4363 6666