Konseye yo

Konseye Konsiltatif Jean Marie MONDESIR

Prezantasyon

Jean Marie MONDESIR fèt jou ki te 13 fevriye 1963 nan vil Pòsali, depatman Sid peyi Ayiti. Jean-Marie Mondésir genyen yon metriz nan dwa avèk espesyalizasyon nan dwa sivil epi yon metriz nan syans devlòpman, nan Invèsite Leta Ayiti (Fakilte dwa, Fakilte syanszimèn (Depatman travay sosyal, Depatman kominikasyon sosyal ak jounalis) (1985-1993), Li etidye nan Inivèsite Lille 2, Inivèsite Québec nan Hull (1994); Inivèsite Ottawa (Fakilte dwa sivil (1994-1999), Inivèsite Québec nan Outaouais (2017), Lekòl Fonksyon Piblik Federal (Jesyon), epi France Université Numérique (fun-mooc.fr). Li se yon Jiris-tèminològ pou Gouvènnman federal kanadyen depi 25 an epi li se manm Lòd Tradiktè, Tèminolog e Entèprèt Québec (OTTIAQ).

Piblikasyon

Jean-Marie Mondésir pibliye plizyè atik ki kouvri plizyè sijè. Pami yo nou ka site:

Atik : Koudèy sou difikilte leksikal e tèminolojik kreyol ayisyen;

Atik : Koudèy sou dwa lengwistik pèp ayisyen;

Atik : Èske pale kreyòl se yon dwa fondamantal nan Konstitisyon 1987 la?

Atik : Kouman tabli responsablite Leta nan vyolasyon dwa lengwistik pèp ayisyen ;

Atik : Konstitisyon 1987 la se yon andikap pou devlopman peyi Ayiti;

Atik : Envesti nan ekselans edikasyon nan Dumont : Yon apèl pou lavni jèn yo.

Angajman

Nan kad travay li fѐ pou defann oswa fѐ pwomosyon pou lang kreyὸl, nou jwenn domѐn tankou :

Piblikasyon

Kominikasyon

Lajistis

Se Akademisyen Michel-Ange HYPPOLITE ki te rekὸmande Jean-Marie Mondésir kòm Konseye Konsiltatif.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816. 17 / 4363-5555 / 4363 6666