Akademi Kreyòl Ayisyen | Imel: enfomasyon@akademikreyol.net | Tel: (+509) 3333-0815 / 3333-0816 / 4363-5555 / 4363 6666

Akademisyen yo





Akademisyen Nedet FRANCOIS
Prezantasyon
Nedet FRANCOIS fèt Janrabèl, 2 fevriye 1984. Li se doktoran nan Lengwistik. Li gen yon mastè nan Lengwistik sou teyori ak deskriptif nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA). Li lisansye nan Lengwistik nan menm Fakilte a. Akademisyen Nedet se manm Laboratoire LangSE. Li se pwofesè kreyòl, tradiktè, entèprèt kreyòl / franse. Li fè rechèch nan lang kreyòl. Li pwodui an kreyòl epi fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an tou. Akademisyen Nedet gen eksperyans kòm pwofesè inivèsite, anseyan nan nivo segondè, pwofesè kreyòl, tradiktè entèprèt asèmante nan milye sosyal nan La Cour Nationale du Droit d’Asile (CNDA) an Frans (Frans-Kreyòl).
Sektè aktivite
Anseyman
Rechèch
Entèpretarya
Tradiksyon
Piblikasyon
Analoji ak reyanaliz nan fòmasyon predikasyon non vèbal an kreyòl ayisyen (ki gen pou parèt)
Se Fakilte Lengwistik Aplikeki te pwopoze kandidati Akademisyen Nedet FRANCOIS.
Akademi Kreyòl Ayisyen
Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.
Imaj
PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE


