Akademi Kreyòl Ayisyen | Imel: enfomasyon@akademikreyol.net | Tel: (+509) 3333-0815 / 3333-0816 / 4363-5555 / 4363 6666

Konseye yo





Konseye Konsiltatif Pascale Millien FAUSTIN
Prezantasyon
Pascale Millien FAUSTIN fèt jou ki te 8 novanm 1969 nan vil Pòtoprens, depatman Lwѐs peyi Ayiti. Pascale Millien FAUSTIN gen yon Bachelor nan Sèvis Sosyal nan Charter Oak College, Connecticut. Li se manm fondatè premye Kongregasyon Episkopal Ayisyen
Piblikasyon
- Bòbèch, premye Revi kreyòl nan Konektikèt pou fè pwomosyon lang kreyòl;
- Pawòl Kreyòl, Revi Literè Sosyete Koukouy (Kolektif).
Angajman
Nan kad travay li fѐ pou defann oswa fѐ pwomosyon pou lang kreyὸl la nou jwenn domѐn tankou:
· Relijyon
· Kilti
· Ekspozisyon liv
Se Sosyete Koukouy ki te rekὸmande Pascale Millien FAUSTIN kòm Konseye Konsiltatif.
Akademi Kreyòl Ayisyen
Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.
Imaj
PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE


