Akademi Kreyòl Ayisyen | Imel: enfomasyon@akademikreyol.net | Tel: (+509) 3333-0815 / 3333-0816 / 4363-5555 / 4363 6666

Konseye yo





Konseye Konsiltatif Pierre-Roland BAIN
Prezantasyon
Pierre-Roland BAIN fèt jou ki te 5 AVRIL 1946 nan vil Duclair, Chantal, Cayes, depatman Sid peyi Ayiti. Pierre-Roland BAIN pran yon lisans nan Kontabilite ak Teyat nan Université du Québec à Montréal, Conservatoire National d’Art dramatique epi yon BAA (Bachelier en Administration des Affaires) nan École de Commerce Raoul Jean-Marie (Ayiti).
Piblikasyon
· Yon amenajman lengwistik pou devlopman pèp ayisyen an (kolektif) ;
· Koleksyon kaye pwogramasyon Mwa Kreyòl nan Monreyal 2002-2013.
Angajman
Nan kad travay li fѐ pou defann oswa fѐ pwomosyon pou lang kreyὸl la, nou jwenn domѐn tankou:
• Edikasyon
• Kilti
• Dwa Moun
Se Komite Entènasyonal Pou Pwomosyon Kreyòl Ak Alfabetisasyon (KEPKAA) ki te rekὸmande Pierre-Roland BAIN kòm Konseye Konsiltatif.
Akademi Kreyòl Ayisyen
Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.
Imaj
PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE


