Akademisyen yo

Akademisyen Lherissaint SAINT JEAN

Prezantasyon

Lherissaint SAINT JEAN fèt 17 mas 1977 nan vil Kòniyon. Li gen konpetans nan Syans jiridik nan EDSEG ak yon diplòm nan Kominikasyon jounalistik nan ISCOM. Li gen yon lisans nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA). Li pibliye plizyè atik nan divès ribrik sou sosyete a ak nan politik. Li se Redaktè nan Jounal Bon Nouvèl. Li se pwofesè kreyòl.

Sektè aktivite

  • Jounalis

  • Ansèyman

  • Rechèch

Piblikasyon

Li pibliye yon dividal atik nan Jounal Bon Nouvèl

Se Jounal Bon Nouvèl ki te pwopoze kandidati Akademisyen Lherissaint SAINT JEAN

Akademi Kreyòl Ayisyen

Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la. Se nan lane 2008, plis pase ven (20) lane apre adopsyon konstitisyon an, Inivèsite Leta Ayiti te pran inisyativ pou li mete kanpe komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te gen ladan li reprezantan divès enstitisyon, prive kou piblik. Konsa, soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, komite a òganize yon kòlòk entènasyonal ki mobilize divès espesyalis nan edikasyon, sosyoloji, antwopoloji, lengwistik, sikoloji, elatriye.

PA KOPYE © AKA 2026 | Dev: Fedalson DESTINE

Adrès: 20, Avni Lamartinière, Bwa Vèna, HT 6116, Pòtoprens, Ayiti | Telefòn : (+509) 3333-0815 / 3333-0816. 17 / 4363-5555 / 4363 6666